TKSK: Bwason pou domi byen vit

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan tan estress anraje saa yo mwen si anpil nan nou gen ti pwoblèm pou domi oubyen pou dòmi byen. Konsèy jodi ya ap prezante nou yon bwason moun pa twò konnen pou domi byen vit.

Èske w gen pwoblèm pou w dòmi epi w pa santi w anvi pran grenn pou dòmi? Pwoblèm nan ak lensomni sa yo se ke lè yo repete, yo ka vrèman andikape nou.

Ou ka rezoud pwoblèm sa a nan yon fason trè natirèl, eseye ti bwason espesyal sa a! Li super fasil pou reyalize. *Li fèt ak lèt, siwo myèl, vaniy ak kannèl. Bagay natirèl sèlman li gen ladanl.

Men resèt mirak la pou goumen kont lensomni natirèlman san pèdi tan.

Engredyan

  • 1 tas lèt zanmann
  • 1 ti kiyè siwo myèl
  • 2 gout ekstrè vaniy
  • 1 zongle kannèl

Ki janw fè sa ?

  1. Vide lèt la nan yon kaswòl oswa mete l nan mikwo ond lan.
  2. Chofe li.
  3. Vide l nan yon tas.
  4. Mete 1 ti kiyè siwo myèl ladan l.
  5. Lage 2 gout ekstrè vaniy.
  6. Avèk pwent yon kouto, ajoute yon zongle kannèl.
  7. Melanjel epi bwèl.

Koulye a, ou pral dòmi pi fasil ak byen vit. Bwè remèd sa a 30 min anvan ou ale nan kabann ou! Senp, pratik ak efikas! Kounye a ou konnen kisa pou w fè pou w dòmi byen fasil. Li se yon remèd trè pratik, sitou pandan gwosès, paske li 100% natirèl. Sa a evite itilizasyon medikaman ki gen efè segondè danjere.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.