TKSK: Kèk «Yo di» sou mayonèz

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch (yon dimanch espesyal menm, dimanch ze de pak), men pou pasyon gastronomi se jou lejann oubyen verite. Pou nou rete nan zafè ze ya ann pale de mayonèz. Se vre lè ou fè mayonèz ou lakay li toujou pi gou pase sa ki fèt nan makèt. Kòm li yon ti jan delika pou fèt nou tande anpil bagay sou sa. 1) Si ou gen règ ou mayonèz la pap pran 2) Meyè jan pou reyisi li se pou bat li an 8 3) Si ze ya sòt nan frijidè sa ap fè mayonèz la pa monte. Eske gen verite nan bagay sa yo oubyen gen anpil lejann nan kwayans sa yo.

Bon pou zafè règ la mwen tou di nou se foulay mwen pap men fè yon rale sou sa. Kanta pou mayonèz “bat an 8” la ann fè yon ti analiz sou li pou nou ka konprann kisa ki fè yon mayonèz pran ou pa.

Konsèy pou yon mayonèz ka reyisi genyen anpil sou entènèt la. Konsèy ki vini pi souvan se “Ou dwe bat ze ou yon jan pouli trase yon 8”. Pou Raphaël Haumont, yon 5, yon 6 oswa yon 7 ta fè menm jan an: “Sekrèt ya se nan vide lwil la trè dousman ak melanje (ze ak lwil la) pi vit ke posib – mixè elektrik la totalman rekòmande. Yo rele sa yon emulsyon. Fenomèn « tensioactif » la rele « lécithinesur » se sak fè li posib pou melanje lwil la ak dlo ki genyen nan jòn ze a,”.

Tout bagay depann de vitès mouvman an e non pa sou fòm ou fè mouvman an. Yon lòt lide ta vle fè kwè ke tanperati a nan engredyan yo gen yon gwo enfliyans. Sa se bon jan foulay Ze a ka byen soti nan frijidè a, mayonèz la ap bon menm jann si ou respekte règ syantifik la.

Pase yon bon dimanch pàk.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: chefsimmon.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.