TKSK: Enpòtans Aryè Plan

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje konsey jodi ya rantre yon ti jan pi fon nan detay teknik kamera a pou ka byen pase nan zafe fè foto manje.

19 – Byen jere « Arrière-plan » plan pou ka gen yon foto ki pa banal… !

Se Arrière-plan ki pwal bay foto a jèvri n se pou sa ou dwe bal tout atansyon li merite. Li ap bay foto a pwofondè, teksti ak karaktè. Si ou mal chwazi li ka diminye valè foto a, ran n li plat (san pwofondè) epi fè li parèt banal.

Ou gen dwa wè jew wè yon bèl aranjman epi lèw fè foto a li depaman ak sa ki te zatiyèt ou a. Fòt souvan sa soti nan sa ki arebò foto a lèw tap gadel la ki te metel an valè men lèw ap pran foto a ou fokis sèlman sou sa ki te pi enpòtan pou ou a. Konsa tou gendwa selè ou tap pran foto a sevo te fokis sou sa ki pi enpòtan an epi fè « abstraction » tout lòt zibli n ki te nan dekò a. Lèw fè foto a se lè saa wap wè te gen yon moun ki te poze sou fig la, te gen kras pen sou tab la …

Yon bon Arrière-plan ke ou ka rele fon tou fèt pou ta :
• Lèjè
• Pa okipe anpil plas
• De preferans mat (pa glosi, pa sire pou li pa reflete limyè ya …)
• Pa gen detay kif è se li ou plis wè
Pou yyon foto orijinal sèvi ak yon Arrière-plan mun pa ta panse
• Teksti Mi
• Tè (yon panye legim sou yon atè ajil parekzanp)
• Mozaïk
• Mèb
• Journal, patisyon mizik, liv, kanè nòt
• Panye

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.