TKSK: kouman pou evite mit anvayi manje ou nan depo.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan zafè fè manje gen yon pati esensyèl ki se estoke sak pou fè manje. Nan pati saa sa rive souvan manje ki nan stock pran bèt tankou mit. Konsey jodi ya se kouman pou evite mit anvayi manjew ki nan depo.

Kouman pou debarase w ak mit san pwodwi chimik.

Mit renmen fè kay yo nan manje tankou sereyal oswa farin ke ou mete nan depo oubyen pantyè. Si nou pa fè anyen, nou rapid vit jwenn tout kay la anvahi ak ti bèt. Epi li pa trè apetisan pou wè manje ou pwal kwit la gen bèt.

Men yon fòmil 100% natirèl pou kenbe yo lwen: ou jis bezwen yon ti kras lay.

Kijan pou pou fè sa?

  1. Koupe dan lay yo an mwatye san ou pa kale yo.
  2. Senpleman mete dan lay ki pa kale yo nan depo ou bwat kote ou mete manje pou kwit la.
  3. Chanje lay la chak 2-3 semèn.

Rezilta

Se konsa ou debarase w ak mit san pwodui chimik. Li senp, pratik ak efikas! Anplis de sa, ou pa pral fè ékonomi. Sekrè sa a pa gen okenn risk pou kontamine manje ou. Se poutèt sa, pa gen okenn danje pou santew ou oswa pou sante zannimo domestik ou yo.

Men yon ti degi. Si ou prefere, ou ka itilize lwil ak lay: 2 gout sou yon wòch tuf, ou dwe renouvle l regilyèman.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.