TKSK: eske yon pizza ka koute plis pase senk mil dola ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Mwen si ou renmen Pizza men eske ou kwè yon pizza ka koute plis pase mil dola ? Petèt ? E senk mil dola ?

An reyalite Pitza ki pi chè nan mond lan koute $12,000 dola. Eske bagay sa se yon lejann oubyen se laverite?

Se laverite wi, li koute chè konsa paske li pran 72 èdtan pou fèt, epi li kapab fèt sèlman lakay ou kote se 3 chef Italyen ki ap debake pou reyalize mèvèy sa. Ou pap jwenn li ni nan makèt, ni nan estoran.

Pitza saw tande ya li gen 3 kalite kavya, mozzarella bufala, woma ki soti nan Nòvèj ak Cilento, pou sale li yap sèvi ak sèl lanmè woz Ostralyen. Kounye ya mwen wè bouch nou gentan ap fè dlo nou ap manyen bous nou pou nou kòmande epi se lè saa nou rann nou kont ke nou pa menm konnen non li, pa vre ? Pizza saa rele : Luis XIII, Salerne, Italie mande pou Renato Viola lè nou fè komand lan pa bliye vi n di nou sou pasyon gastronomi kijan nou te twouvel

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: chefsimmon.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.