TKSK: «Luter»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «LUTER». Mwen si se pa yon mot ou abitye tande ? Men si ou tonbe sou li men ki signifikasyonl sanw pa fè twòp devinèt.

Soude kouvèti yon presto (mamit a presyon, oubyen yon gwo chodyè kouvri) ak yon pàt “morte” (sa vle di li fèt ak farin + dlo, yo konn relel tou « Pâte à Luter ») pou fòme yon bann an farin. Ou « Luter » yon resipyan pou li ka byen fèmen pou kwit yon manje san li pa gen posibilite evapore. Pwosesis sa a yo sitou itilize pou kwit manje ki mande plizyè èdtan pou kwit (Lanbi, vyann ki di, janbon elatriye).

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: gastronomiac.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.