TKSK: «Contre-jour» pou mete plis detay an evidans

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje konsey jodi ya rantre yon ti jan pi fon nan detay teknik yo. Jodi ya nap pale sou kouman pou sèvi ak « contre-jour » byen pase nan zafe fè foto manje.

20 – Byen jere « Contre-jour » pou ka mete plis detay an evidans … !

Kisa ki kontrejou a ? Se lè ekleraj yon manje, yon fwi, yon aranjman ke wap fè fotol ap resevwa limyè ki soti nan bò opoze a kote kamera ki ap fè foto a ye ya.

Kalite ekleraj saa aksantué detay yo. Detay ki ta ka pèdi si ekleraj te lateral. Foto tankou gout dlo sou seriz ki fèk lave, sik vide sou yon pàt, ti bul nan chanpay yo pral trè byen parèt si ekleraj la se kontrejou.

Kontrejou ka reflechi tou wi…
Lè ou ap sèvi ak kontrejou li pwodui anpil lonbraj, ki ajoute plis relièf. Sepandan, fòk ou pa abize. Pou balanse imaj la ak kreye yon ekleraj inifòm fòk ou sèvi ak kontrejou yon jan entelijan. Mete yon reflektè (oswa yon sifas blan) devan Sa wap fè foto a (san ou pa bouche kamera a) pou bay limyè endirèk sou manje wap fè foto yo.

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Les commentaires sont fermés.