TKSK: Ki akeswa ou bezwen pou fè foto manje?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale kap dire plizyè madi. Nap pale sou ki «akseswa » wap bezwen pou fè foto manje.

21.1 – Ki « accessoires » ou dwe achte lè wap fè foto manje regilyèman ?

Si wap fè foto manje pou poste sou pwofil FB ou, si ou ap fè foto pou moutre manje ou gen pou vann, si wap fè foto pou mounn pase yo panse ou bon nan sa, trè vit ou pwal konstate 2 bagay. (1) ou paka tout tan fè menm foto yo ak menm akseswa yo (2) ou pwal bezwen repons pou kesyon sila yo

• Èske aparèy mwen an jwenn akseswar sa a renmen li?
• Èske mwen pral sèvi ak li souvan?
• Èske mwen ka adapte li nan anpil asyèt?
• Èske mwen deja gen yon akseswar ekivalan?
• Èske li matche ak lòt moso yo nan koleksyon mwen an ak style mwen an?
• Ki kote mwen pral estoke li?

An fè yon ti rale sou Asyèt sa yo rele « Vaisselle » nan lang franse

Envesti nan atik ki pral sèvi nan plis resèt ke posib, tankou yon gwo plat oval, kèk asyèt ak tout je kouvè yo, asyèt pou dine, veso ki pa fon ki ka kenbe salad, soup oswa pàt, yon seleksyon ti asyèt, ti bokal pou met espis sèch ke ou ka itilize pou sènografi gastronomik ou. (eseye gen bagay ki pa komen, oubyen ki komen men ke ou pwal bay yon itilizasyon moun pa ta panse …)

Yon ti krich, yo ti pot (pou mete dlo oubyen ji) ap toujou itil pou gen sa sou la men, osi byen ke ti tas te / kafe. Seramik atizanal yo trè estetik (pa gen ayisyen, kou etranje, ki ap rete endiferan lèw itilise istansil emaye), menm jan ak porselèn chè epi delika ki bay manje anpil valè. Yo jeneralman abòdab e souvan bay pi bèl efè lè yo itilize deja epi yo yon ti kras ise. (Se pou sa mwen se yon bon kliyan moun kap vann vèsèl pèpè bò lari ya)

Mwen pa janm achte sèvis konplè (eksepte pou yon travay espesifik) Konsa ou ka gen varyete san ou pa fè twou nan pòch ou. Sa fasilite travay piès yo endividyèlman epi yo ka fasilman konbine yo pou ba ou plis posiblite pou foto manje ou yo

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Foto kouvèti: aliexpress.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.