TKSK: Plis ou tande mizik fò, plis ou maje ak bwè?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya eske pawòl ki di Le nou ap tande mizik, plis li fò plis nou manje ak bwè ? eske se foulay ou byen verite sou tanbou ?

Mizik se yon langaj inivèsèl ki jwe ak sèvo nou ak emosyon nou. Yon etid montre ke mizik ak yon tanpo rapid gen yon enfliyans benefik pandan sesyon espò yo: nou ta pi efikas ak pèfòman pandan yon sesyon espò akonpaye ak mizik rapid. Yon lòt etid te konkli ke chante noun pi renmen yo gen yon enfliyans pozitif sou emosyon nou ak atitid nou yo. Ou pa ta dwe wont ankò pou koute Britney Spears (si sa fè ou kontan).

Yon nouvo etid ki te pibliye nan Journal of the Academy of Marketing Sciences di ke mizik ta ka enfliyanse tou chwa manje nou yo: plis mizik ki nan background nan yon restoran oswa makèt la fò, se plis nou gen chans pou kòmande manje konsomasyon rapid. Kontrèman, mizik dous pral pouse konsomatè a nan direksyon pou chwazi manje ki pi sante.

Paske jan Newsweek eksplikel, volim mizik la gen yon enpak dirèk sou batman kè nou epi li ta kreye yon eta eksitasyon – ki ta fè nou anvi manje ak bwè plis.

Pèsonèlman mwen yon tijan edesi pou di nou si se vre oubyen foulay men mwen konstate depi kèk tan tout ti restoran kap van alkòl ak manje « fast food » gen yon gwo opalè « bluetooth » kote yap pouse mizik byen fò, lè yo pa fèl kliyan yo konekte pou yo pouse byen fò mizik pa yo. Nan menm moman an nan kote zuzu yo kote manje ya chè epi tou zwit yo pa janm vle pase rabòday… Kidonk konsèy mwen ta bay sèke lèw al manje yon kote fè atansyon ak misik yap pase ya, sa ka deja diw ki stil manje yo pwal sèviw, epi ki kantite alkòl ak manje yo ta renmenw konsome

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti:

Les commentaires sont fermés.