TKSK: «GOUJONNETTE»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «GOUJONNETTE». Mwen si se pa yon mot ou abitye tande ? Men si ou tonbe sou li, men ki signifikasyonl sanw pa fè twòp devinèt.

Goujonnette se non yo bay yon ti filè pwason koupe an byè pou bay li fòm yon goujon. Se ka tou filè pwason koupe an batonè apeprè dis santimèt pa twa.
Paregzanp: Pou reyalize yon ti susi « maison », ou dwe koupe filè pwason ou nan yon style goujonnette.

Menm si a la baz depi yo di goujonèt ou wè pwason, jodi ya depi yon dekoup gen fòm lan yo relel goujonèt tou. Se pousa wap jwenn « gourjonette de poulet » oubyen « gourjonette de volaille »

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: cuisineaz.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.