TKSK: kijan pou ranje eleman nan foto a pou li byen soti.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « Composition » ki jan pou ranje eleman nan foto a pou li byen soti.

22 – Ki jan pou travay konpozisyonw, lè wap fè foto manje!

Konpozisyonw ap fè siksè si w rive pran men spektatè a pou fèl vizite aranjmanw lan, epi fè l wè eleman ki pi enpòtan yo. Mesaj ou a ta dwe: « Men sa mwen renmen nan plat sa a epi se sa mwen te vle montre ou. »

Chak pous konte.
Konpozisyon se òganizasyon espas ak eleman nan foto ou. Se ou menm, kòm fotograf, ki responsab pou kreye tout sèn lan. Se ou ki deside ki sa ki ta dwe oswa ki pa ta dwe nan foto a. Souvan sa ou ekskli osi enpòtan ke sa ou deside mete nan foto a. Tout bagay nan foto ou a dwe, ak anpil atansyon, byen panse avanw deklannche. Se poutèt sa prezans chak eleman dwe jistifye.

Mete konfyans ou nan entuisyon w.
Konpozisyon se kreye yon foto ki sanble tout sak ladanl nan plas yo, kidonk se yon bagay trè subjectif. Se poutèt sa, ou dwe fè konfyans a gou ou, ak entwisyon ou, epi konsa montre sa ki pi enpòtan pou ou nan asyèt yo ak sèn foto a. Rezilta a ta dwe konvenk lòt moun ke ou te fè bon chwa.

Photo ou yo dwe gen vi
Ajoute pwofondè, mouvman, ekilib, enterè enterè vizyèl pwisan ak koulè ap edew rakonte yon istwa gastronomik ki de tout fason pwal amelyore konpozisyon ou yo. Sa a pral elve imaj fad ak raz ou kon fè yo nan ran travay sengilye atistik ki pral yon plezi pou je moun kap gade yo.

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Foto kouvèti: voyage-colombie.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.