TKSK: kijan pou fè pou salad ou dire pratikman 1 mwa san gate?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Fèy salad ak legim se bagay ki pouri oubyen fennen vit. Konsèy jodi ya se kijan pou fè pou salad ou dire pratikman 1 mwa san gate. San ou pa oblije vide frijidè ya pase salad pouri ap bay lòdè ?

Kijan pou fè pou fèy salad ou dire 1 mwa nan frijidè

Ou fatige ke salad vèt ou ap pouri nan frijidè a? Se vre ke leti gate trè vit… Epi yon fwa fannen, tout sa ou ka fè se jete li. Eske sa dwe konsa! Erezman, gen yon konsèy senp pou kenbe salad ou pou 1 mwa. Wi, ou li byen: 1 mwa! Pou kenbe yon salad fre pou yon tan long, fòk ou kenbe li nan yon bokal an vè. byen fèmen.

Men ki jan ou fè sa

  1. Lave leti ou byen. (li ka lòt kalite salad ou vle konsève tou)
  2. Etire tout dlo li ka gen sou li sanw pa abimel.
  3. Mete fèy leti yo sou yon sèvyèt papye.
  4. Koupe fèy yo an ti moso.
  5. Mete yo nan yon bokal an vè.
  6. Byen fèmen bokal la ak kouvèti li.
  7. Mete l nan frijidè a.

Koulye a, salad ou a pral kenbe pou 1 mwa nan frijidè a san yo pa domaje. Saw di ? sa pratik ak rapid. Epi li evite gaspiyaj! Koulye a, ou konnen ki jan pou kenbe salad ou fre pou yon tan long san yo pa sèvi ak sache plastik ziplog. Yon fwa lave, se kite yo seche byen pou yo rete bèl. Konsa wap sispann jete salad pouri ak depanse lajan pou anyen. Epi ou ka fèl pou tout kalite salad vèt.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: modesettravaux.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.