TKSK : 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 7

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya nan jedi tansyon nou ap kontinye avek 21 jou menu tansyon san presyon – JOU 7

Tankou nou di li deja ou ka melanje resèt yo, se selon gouw. Mwen eseye varye yo pou pa pa gen enpresyon se yon medikaman ki ta ka evitew manje ak kè kontan.

MATEN

  • 1 tranch pen ak dàt (siw genyen) epi “canneberge”
  • 1 tas yogourt
  • 1 kiyè siwo erab ak fwit tankou (bleyè, frèz, franbwaz elatriye)

NAN PÒZ

  • 1 pouyen zanman
  • 1 grenn zoranj

A MIDI

  • 1 ti bouyon vyan bèf (anatnsyon kantite sèl la)
  • Ou ka pran ak yon ti duri , epi salad vèt

Si nan pita ou ta wè ou santiw manke yon bagay pran 1 ou 2 pòm

ASWÈ

  • yon ti bwochèt pwason
  • kinowa (“quinoa”)
    _ Salad vèt
  • Ou ka fini repa ak yon 1 kiyè manba ak 1 vè lèt (oubyen lèt soya)

Menm si ou pa fè tansyon chwazi yon mwa nan ane ya pou eseye 21 jou resèt sa yo, lap bon pou santew. Epi si ou gen yon moun ki fè tansyon nan kay la sa ap edel pa santi li pa menm jan ak tout moun, nan premye jou yo match la ap read men apre nap mande tèt nou pouki nou te pran tout tan sa yo pou koumanse

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: ccs.ch

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 1

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 2

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 3

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 4

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 5

21 jou menu tansyon san presyon – JOU 6

2 Comments

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.