TKSK: Eske konkonm retire «cerne» anba je?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske konkonm retire « cerne » anba je ? eske se foulay ou byen verite sou tanbou ?

Mwen si mèm si nou pa janm mete konkonm sou je nou, nou konn we moun devan nou oubyen nan fim mete rondèl konkonm yo manje ya sou de nawè yo. Lè ou ta mande pouki yap sètènman reponn ou ke Konkonm ka ede yo debarase yo de ti sèk nwa anba je yo, sa yo rele nan lang franse « cerne » yo.

Sèk nwa yo se yon pwoblèm medikal ki montre mank dòmi yon moun. Mal domi oubyen pa domi ase ka fasilman mennen nan ensifizans renal, maladi fwa, yon sistèm iminitè afebli, ak anpil lòt ti pongongon. Anpil ekspè pa arive pwouve lefèt ke konkonm diminye ti sèk nwa a. Frechè yo ede ak gonfleman anba je yo, men ou ka sèlman debarase m de ti sèk nwa yo lè w gen sèt a nèf èdtan nan dòmi.

Kidonk nou pa kouri di se bonjan foulay, ni nonplis tou nou poko gen prèv ke se verite sou tanbou nou ka di tou senpleman konkonm lan pote frechè pou je yo epi li ede repoze yo…

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti:

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.