TKSK: «FAISANDER»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «FAISANDER». Mwen si ou abitye tande mo saa men eske ou konn byen sal vle di ?

Fezande se lè ou kwoke vyann zwazo mawon (sa yo rele jibye ya, sa moun ki konn al lachas pote tounen yo) lè yo pann yo nan yon kote ki fre pandan plizyè jou jiskaske vyan la koumanse vinn mou epi pran yon sant trè fò. Men yo pa fè sa osi souvan ke yo te konn fè sa lontan…

Yo ka kite yon vyann nomal tou fezande lè saa li nan yon eta kòmansman dekonpozisyon poul ka jwenn bon sant. Se tretman saa ki pèmèt fè ti sale, salezon, andwi …

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: TripAdvisor

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.