TKSK: kouman pou kenbe frèz fre pi lontan?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Frèz se yon fwi ki gou men ki chè (antouka pa bòrisit) epi ki pouri fasil alòs konsèy jodi ya se kouman pou kenbe frèz fre pi lontan.

Ou fatige achte frèz ki kòmanse pouri depi ou rive lakay ou? Èske wap chèche yon bagay pou kenbe frèz ou yo pi lontan? Ebyen men yon sekrè pou kenbe frèz ou yo pi fre pou anpil tan.

Gras a konsèy fasil saa, ou pral kapab konsève bon gou frèz ou nan frijidè a de fwa plis tan! Tout sa ou bezwen se vinèg blan.

Sa ou ap bezwen pou sa

  • 5 pati dlo
  • 1 pati vinèg blan
  • 1 gwo bòl
  • Sèvyèt papye oswa lòt sèvyèt papye
  • 1 paswa

Ki pou jan fè li

  1. Konbine vinèg blan an ak dlo nan gwo bòl la. Egz: 100 ml vinèg pou 500 ml dlo
  2. Tranpe frèz yo nan melanj sa a pou kèk minit.
  3. Kouvri yon paswa a ak sèvyèt papye epi mete frèz yo nan papye ki nan paswa a.
  4. Kite frèz yo seche oswa tanponnen yo dousman ak sèvyèt papye a.

Kounye a ou konnen jan pou kenbe frèz ou pi lontan. Li fasil, li rapid ak efikas, pa vre? Sonje byen seche frèz ou yo pou bakteri ki sou li yo pa ka grandi. Yon fwa frèz yo sèk, ou ka estoke yo nan frijidè a sou sèvyèt papye. Lè saa wap ka jwi bon gou frèz fre pou plizyè jou… e pafwa menm 1 a 2 semèn gras a teknik sa a. Epi mwen ka asire w ke frèz ou yo pa pral gen gou vinèg si ou respekte tout etap yo. Remake byen ke konsey sa a valab tou pou franbwaz ak mur (de lòt fwi ki konn pouri vit tou).

Men poukisa sa teknik saa mache byen konsa ?

Trè souvan, si frèz la pouri, se akòz yon chanpiyon. Vinèg la pral natirèlman touye nenpòt bakteri ak mwazisi ki sou sifas frèz yo se sak fèl pèmèt ou konsève frèz la pi lontan

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: santeplusmag.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.