TKSK: Kouman pou fè mous sitwon, yon jan modèn ak espesyal ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik)

Konsèy teknik mwen pote pou nou jodi ya se «Kouman pou fè mous sitwon, yon jan modèn ak espesyal ?». Sa mande kèk zouti ou pa jwenn nan tout kwizin men rezilta jistifye depans sa yo.

Kouman pou fè yon mous stwon modèn !

Pou tizè desè sitwon, men yon teknik ak yon bon dòz sik ak sitwon. Ou jis melanje fwomaj «mascarpone» ak sik, ji sitwon ak krèm frèch. Mous sitwon saa bade ak kalori, ou sèvi li nan yon sifon. Li malgre tou mwen lou ke yon mous nòmal epi trè enteresan paske se gou sitwon gars yon emulsyon fwete ke ou kreye.

Resèt pou apeprè 10 ti « verrine » mous sitwon

Materyèl wap bezwen
• 1 blenndè
• 1 sifon
• 2 katouch gaz N2O (Protoxyde d’Azote)
• anviwon 10 ti verrine (10 ti vè yo vann pistach yo)

Engrediyan
• 200g mascarpone
• 200 g krèm frèch epè
• 75 g an poud sik blan
• 1 sitwon

Dekorasyon (si ou vle)
• Ti kraze bonbon chips
Oubyen
• Zès sitwon

Prensip teknik saa
Eleman esansyèl nan resèt sa a se grès ki prezan nan « mascarpone » la. Objektif resèt sa a se pou kreye yon emulsyon nan enkòpore lè andedan preparasyon sa a epi freez li nan metel nan frijidè. Finalman, mousse sitwon sa a se yon Chantilly kidonk yon mous emilsyone!

Etap Preparasyon an
• Pran zès sitwon an epi melanje l ak sik la nan yon blenndè pou 10 segonn.
• Ajoute mascarpone nan sik la epi melanje ankò pou 20 segonn.
• Ajoute ji sitwon an epi melanje pou 20 segonn.
• Ajoute krèm frèch la epi melanje ankò pou 20 segonn.
• Vide preparasyon an nan sifon an. Fèmen sifon an epi ajoute de katouch gaz yo, kite dènye katoch la nan sifon an. Byen melanje sifon an tèt anba epi mete l nan frijidè ak kouche la pou omwen de zè de tan.
• Souke sifon an tèt anba anvan ou sèvi.
• Sèvi mousse sitwon an frèt nan ti verrines yo. Dekore mous yo ak kraze bonbon an pou ajoute crunch! (yon ti krap krap anba danw)

Bon napeti!

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: leparfait.fr

Les commentaires sont fermés.