TKSK: Eske lèt ki make «Low fat» yo ka fè ou pèdi pwa ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske lèt ki make «Low fat» yo ka fè ou pèdi pwa ? eske se foulay ou byen verite sou tanbou ?

Lèt ki pa gen anpil grès (low fat) fè ou megri

Lèt ki pa gen anpil grès pa itil anyen nan pèdi kilo siplemantè ou yo. Yo chaje ak anpil poud pwoteyin melanje ak vitamin sentetik ki pa bay okenn benefis nan kò a konsènan pèdi pwa. Yo ranplase vitamin yo epi kalsyòm la pèdi nan pwosesis fè lèt la vin low fat. se bonjan foulay ! maketing e sa mache trè byen pase lèt low fat vann tankou pate cho.

Pase yon bon dimanch.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.