TKSK: « kadre andedan kad la »

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « kadre andedan kad la » yon lòt jan orijinal pou mete anvalè sa ki enpòtan nan yon foto manje.

25 – Kouman pou kadre andedan espas yon foto ?

Se nan eseye bay yon ankadreman siplemantè an dedan ankadreman yon foto ke ou ka kreye ak lòt eleman sèn nan yon nouvel pespektiv. Teknik sa a ajoute pwofondè nan foto manje ou a, men li se tou yon fason entelijan pou atire atansyon sou sijè prensipal la.

Ankadreman nan ankadreman an pral tou endispansab lè tire potrè yon yon, yon tab oubyen yon plat ki chaje ak manje tout koulè, tout fòm. Li pwal espesyalman mandew plis efò ak imajinasyon lè kadr la evidan, teksti, ton, ak / oswa pwofondè ya te deja evidan pou moun kap gade ya. Teknik sa dwe pèmèt ou fè wè manje ya sou yon ang ki pat posib san li.

Nan fè foto manje, akseswa ofri posiblite pou toujou realize yon konpozisyon ka fè bèl efè. Itilize plato metalik ki gen arebò wo ki lèw fè yo flou pote pwofondè ki trè itil. Planch a dekoupe ak papye cut-rite se de lòt pwodwi pou reyalize de efèt rekadraj enteresan.

An tèm de ankadre, pa ezite panse yon lòt jan (eseye fè sa ou pa abitye wè deja. Li ka bon, li ka poko bon. Men lè li bon li ap gen signatiw). Li vreman pa oblije òtodòks. Pa egzanp, ankadreman-nan-ankadreman ou a, ka se yon foto ki fèt atravè yon flè, atravè yon fenèt ki kitew wè sakap pase andedan, atravè yon retwovizè machin ki pa lwen tab resepsyon an. Yon bon itilizasyon teknik sa a ka elve imaj ou nan yon nivo ki pi kaptivan. (si yon moun ta di ki sa ki te nan tèt fotograf saa le li tap fè foto saa ? Sa deja vle di ou sou bon wout la…)

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Foto kouvèti: laphotoculinaire.com

Les commentaires sont fermés.