TKSK: « ki jan pou griye yon pwason, san li pa kole nan griy la?»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Konsèy teknik mwen pote pou nou jodi ya (menm si li ta) se « ki jan pou griye yon pwason, san li pa kole nan griy la?». Pwason griye se yon bagay ki gou anpil lèl byen fèt. Men sa ka dekourajan si tout ti po griye ou renmen yan, si mwatye pwason ret kole nan griy la…

Gen plizyè teknik pou anpeche po pwason an rete nan griy la men teknik map pote pou ou jodi ya non sèlman li fasil (tout moun ka fèl) men an plis lap tou pote gou nan chè pwason an.

Teknik saa rele teknik sitwon an. Pou pwasonw pa kole, metel chita sou yon kaban wondèl sitwon sou griy la:

Ki jan pou fè sa fè?

  1. Pran yon sitwon fre de preferans.
  2. Koupe li an an rondèl menm epesè.
  3. Anvan ou mete pwason ou sou gri a, fè yon kabann ak wondèl yo.
  4. Mete pwason an sou kaban sitwon an, e non dirèkteman sou griy lan.

Rezilta
Lè pwason ou byen kwit, lap rete an yon sèl moso, san li pa kole oswa dechire. Saw di? Sa senp, pratik ak efikas! Gou a pral menm pi bon epi ou pral kwit li pi fasil. Sitwon se yon gwo Trick pou prepare yon bon pwason sou babekyou a. Ti bagay siplemantè a se ke li pwal ba li yon bèl ti gou. Epi ou ka tou itilize sitwon pou elimine move odè pwason an.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: beaualalouche.com

Les commentaires sont fermés.