TKSK : COUPE CHIFFONNADE

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «COUPE CHIFFONNADE». Gen moun ki di tou « Tailler en chiffonade ». Mwen si anpil nan nou konnen sa li ye san nou pa nesesèman konnen si se konsa sa rele !

Koup chifonad nan domèn gastronomi se se yon jan pou koupe legim fèy pou fè yon sòt de prezantasyon…

Se yon metòd pou koupe fèy oswa legim. Pou fè sa nou dwe plie fèy yo (oubyen legim ki mou menm jan ak fèy), ou fè yon woulo epi koupe yo an travè (ou si ou prefere pèpandikilèman) pou jwenn yon ekip ti bann mens.

Kouman ou fè sa
Lave fèy salad la tou antye oswa kale legim yo. Kolekte pi bon fèy yo epi retire zo kòt yo. Mete yo youn sou lòt, epi woule fèy yo tankou yon gwo siga. Avèk yon kouto laj, byen file, koupe woulo ya chak pous. Epi nap ka genyen yon seri ti filang ki fèw sonje jan yo koupe chou pou fè pikliz. Ou ka sèvi ak sa ou koupe an koup chifonad la nan yon sandwich oswa pou prezante « charcuterie. »

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: Cuisine facile

Les commentaires sont fermés.