TKSK: Eske se vre vyann ki byen anbale nan makèt pi bon pou la sante ke vyann ou achte nan mache ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se Eske se vre vyann ki byen anbale nan makèt pi bon pou la sante ke vyann ou achte nan mache ? eske se foulay pou fè makèt van n ou byen verite sou tanbou ?

Vyan makèt pa kanmarad vyan n nan mache. Eske se ak santew wap panse lèw di sa ?

Zanman m yo, menm si vyann fre makèt konsidere kòm pi ijyenik nan tretman la pwoptay yo deja sibi, nan jan yo banda nan karako plastik yo ajan konsèvasyon yo foure ladan yo fè ke mou ap okipe zafè la sante konsidere yo kòm pi danjere.
Yo gen préservatifs ak sodyòm. Pwodwi sa yo move pou pankreyas ou. Sèl jan pou konnen si vyann ou osi sen ke sak ke yo fèk touye nan mache ya se vizite makèt la nan zòn ki kenbe vyann lan pou verifye si li gen etikèt otorite sanitè yo ki di li respekte tout règ yo.

Kidonk achte vyann nan makèt pa yon garanti ke ou konsome sante ! Pirèd ankò evite otan kew kapabap achte vyann makèt tou sizonnen se meyè jan pou vann moun ki pa konnen vyan ki koumanse gate

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: entrepotdeviandes.com

Les commentaires sont fermés.