TKSK: «ASPIC»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «ASPIC». Lè ou tande « Aspic » nan yon video oubyen ou li l nan yon liv k’ap pale sou zafè kwizin ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ?

Nan gastronomi, yon aspic se yon plat frèt ki ka gen plizyè engredyan (vyann, bèt volay, pwason, ze, legim ak fwi), yo pran nan jele ki fèt ak bouyon vyann, oswa nan yon konsonmen. Yon jele vyann ki ta gen ladanl krèm tou yo relel yon cho ak frèt (Chaud-Froid).

Bouyon an ka klarifye ak blan ze ak sezonman anvan yo itilizel. Yon fwa li kwit, li jele akòz jelatin natirèl ki genyen nan vyann lan. Prèske nenpòt kalite manje ka prezante sou fòm aspics, moso vyann, fwi oswa legim elatriye.

Aspics yo anjeneral sèvi kòm antre frèt, pou anpeche jèl la fonn anvan yo manjel. Jodi a, aspics yo prepare nan divès kalite ti veso (charlotte, savarin, oswa veso endividyèl, ramekin oswa dariole).

Kalite jele a (vyann, bèt volay, pwason oswa ki baze sou pèktin pou fwi) varye selon nati engredyan prensipal la (eskalop poul, filè pwason, foie gras an medayon, legim fre mens, fwi an moso, elatriye); *li aromatize kòmsadwa ak porto, madè, marsala oswa xerès (yon ti rhum siw pa ta gen sa yo ap trè bon tou).

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Fotos kouvèti: cookpad.com, marieclaire.fr, thespruceeats.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.