TKSK: «Ruban (faire le)»

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Ruban (faire le)». Lè ou tande « riban » nan domèn patisri oubyen nan zafè kwizin ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ?

Fè Riban se pote yon melanj sik ak jòn ze nan yon konsistans ke lèw level, li tonbe pou fòme yon espès riban nan plat la.

Ekspresyon “fè riban an” se sitou nan patisri yo sèvi avèk li.

Li karakterize yon konsistans semi-likid nan yon farin, jeneralman yon pat gato. Pou chèche konnen si melanj ou an rive nan konsistans ou vle a, tou senpleman balanse yon ti kras nan pwent espatul oubyen « fouet » wap sèvi avèl la. Li “fè riban an” si li tonbe tou dousman poul fè pli sou sifas farin lan.
Idealman, li ta dwe trè omojèn, san li pa fè ti tras oubyen gen boul… Si farin lan toujou twò koule, kontinye bat li jiskaske ou jwenn konsistans ki kòrèk la.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Fotos kouvèti: chefsimon.com

Les commentaires sont fermés.