TKSK: konbat « TÈT FÈ MAL, DAN FÈ MAL, LESTOMAK FÈ MAL

Kou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki laa nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya pwal pale sou pòmdetè Kouman pou konbat « TÈT FÈ MAL, DAN FÈ MAL, LESTOMAK FÈ MAL ? » ak pòmdetè Mwen si ou pat konnen pòmdetè te gen tout pouvwa saa …

10 MAL TÈT, PARODONTIT, ASID LESTOMAK

Pou aji kont tèt fè mal: koupe pòmdetè yo an tranch epi mare yo sou fwon an pou diminye tèt fè mal la.

Pou lite kont parodontit (jansiv anfle ak fè mal): pòmdetè yo ta dwe manje ak tout po yo. Po pòmdetè ya tou gen « fluor » ki pwoteje dan yo kont kari, dan bonbon ak parodontit.

Pou jwen kanpo ak asid lestomak: Fè yon twou nan yon gwo pòmdetè epi vide siwo myèl nan li. Kitel poze pou 12 èdtan, apresa bwè melanj sa a anvanw manje maten. Adopte tretman sa a pou 3 semèn pou yon rezilta satisfezan.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : healthyfitpoint.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.