TKSK: «Passe-vite»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon. Mo teknik pou jodiya se «Passe-vite». Lè ou tonbe sou mo pasvit la ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ?

“Passe-vite” se non premye moulen legim, envante nan lane 1928 pa Victor Simon nan peyi Bèljik. Yon revolisyon reyèl nan mond gastronomik la pou epòk la.Yo te koumanse komèsyalize li an 1929, epi konpayi ki te vini avèl la te rele “Simon et Denis”.

Teknikman, Passe-vite la fèt ak yon plak paswa ki genyen yon sistèm manivèl entelijan kap vire sou li ki fè li vin fasil pou pire menm legim ki pi difisil yo. Malgre ke konpayi an te fè fayit an 1978, epi sispann pwodiksyon an Passe-vite la sou lòt mak (kòm moulen legim) yo toujou disponib nan komès la.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Les commentaires sont fermés.