TKSK: Etenn yon pwèl oubyen yon recho ki pran dife.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Si ou fè manje souvan yon jou ou pa atann Yon veso plen lwil cho ap pran dife. Kisa pou fè si sa rive konsey jodi ya ap esplikew yon teknik byen senp pou eten n epi, evite nan tèt cho, gaye dife nan tout kay la.

Trik ou dwe konnen pou etenn yon pwèl oubyen yon recho ki pran dife.

Lè w ap kwit manje, li ka rive ke chodyè a oswa marmite lan pran dife. Si sa rive, li enpòtan pou konnen kisa pou w fè pou evite yon dezas. Pa mete dlo sou dife lwil pou kwit manje. Trick la pou etenn dife a se vide poud bikabonat dirèkteman sou flanm dife yo.

Ki janw fè sa?

  1. Pran bwat poud bikabonat la.
  2. Kòmanse dousman vide bikabonat la byen sou pwèlon a oswa chodyè ki sou dife.
  3. Sispann vide depi ou wè flanm dife yo disparèt.

Se konsa, chodyè ou oswa marmite ou pa pran dife ankò 🙂 Senp, efikas ak super pratik lè w ap mete fen nan yon dife grès san ou pa gen yon aparèy pou etenn li! Natirèlman, li rekòmande pou ou aji pi vit ke posib. Si flanm dife yo gwo, rele ponpye a dirèkteman. Epi pa ezite ekipe tèt ou ak yon ti aparèy pou etenn dife (estenktè). Epi toujou kenbe li sou la men lakay ou. Bikabonat la etenn dife grès byen vit. Ou dwe konnen ke li pran yon bon kantite bikabonat pou etenn dife. Trick sa a sèlman travay si flanm dife yo pa twò gwo. (kòm gen tèlman bagay ou ka fè nan kwizi n ak bikabonat, pa fè kripya toujou gen 3 a 4 bwat de rezèv)

Avètisman: pou evite risk boule sa ki nan chodyè ou a debòde, vide bikabonat la tou dousman epi fè anpil atansyon sou flashback la (lè dife fè vooop li ap vole sou ou a. Pa sezi pou pa fè plis dega)

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: santeplusmag.com

Les commentaires sont fermés.