TKSK: «Manchonner»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon. Mo teknik pou jodiya se «Manchonner». Lè ou tonbe sou mo manchone la ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ?

“Manchonner” se operasyon pou retire vyann ki kouvri sèten zo bèt volay oswa yon moso mouton, cochon elatrye lè ou sèvi avèk yon kouto dezosaj pou anbeli prezantasyon an.

Pou yon koupe pwòp_(mwen vle di pou yon bèl prezantasyon), koupe nan baz zo janm la, nan ka bèt volay. Pou yon kòtlèt mouton, wap amnchonnen byen nan koupe tout nè yo ki kouvri zo a ak grate yo lagè zo a. Ou ka mete yon papillote ak yon manch papye parchemin sou zo ke ou kale yo oswa pye bèt volay yo pou amelyore estetik plat la _(ou fè yon espès de fo pye an papye aliminyòm).

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : chefsimon.com, assiste.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.