TKSK: KONPOZISYON AN TRIYANG

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen fè yon ti rale sou « KONPOZISYON AN TRIYANG AK REG ENPÈR ? » teknik ak konsèy pou bay yon bèl prezantasyon.

31 – KOUMAN E POUKI POU METE TRYANG AK KANTITE ENPÈR NAN KOMPOZISYON FOTO WAP FÈ

Òganize diferan eleman yo nan yon sèn fotografik se pa toujou yon etap fasil. Yon dekorasyon ki mal ranje ka fasilman fè lekti imaj ou a konplèks ak dezekilibre. Sepandan, gen yon konsèy mwen pwal baw ki pral yon gwo èd pou ou: se sa yo rele konpozisyon an triyang. Figi triyand lan ofri yon jeyometri senp ak balanse ke je nou renmen jwenn nan yon foto.

Pou aplike konpozisyon sa a, trase yon triyang imajinè sou sèn wap fotografye ya epi mete twa gwo eleman sou pwent triyang la. Eseye ranpli tout espas ki nan imaj ou a. Okipasyon nan diferan zòn li yo pral bay yon inite vizyèl fò. Konpozisyon sa a se pi enteresan an lè priz la te fèt an « plongée » kote fòm nan triyangilè fasil pou rekonèt.

Nou ka ale yon ti kras pi lwen nan aplike règ sa a lè nou itilize li nan jan manje ya menm ranje nan asyèt la. Èske ou ta renmen dekore yon soup ak kèk ti branch pèsi oswa dekore yon tranch brownie ak nwayo zanmann? Pa ezite mete twa sèlman pou yon aranjman triyang.

Yon fòm triyangilè nan yon veso esferik pote yon balans pafè. Pafwa li sèlman pran yon ti kras bagay pou fè yon foto vin trè bèl.

Zafè konpozisyon triyang sa a mennen nou nan yon lòt règ anpil fotograf konnen: règ kantite enpè. Li sijere ke je a jwenn amoni lè sijè yo gwoupe nan kantite enpè. Nimewo twa (3) a, tankou kantite somè nan yon triyang, se pi apwopriye a, men ou ka mete senk (5) oswa sèt (7) pòsyon. Li pote bon balans san yo pa twò chaje imaj la.

Pase yon bon madi

Les commentaires sont fermés.