TKSK: Vinèg pou bouyi pomdetè

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Poukisa ou ta dwe mete vinèg nan dlo wap bouyi pòmdetè?

Jodi a m ap montre w poukisa ou ta dwe mete vinèg nan dlo ou bouyi pòmdetè. Paske pa gen anyen ki pi dezolan pase yon salad pòmdetè ak moso kap fè farin nan bouch ou!

An pasan gen 2 kalite pòmdetè:

  • varyete “cireuse”, sa yo ki gen mwens lanmidon nan yo
  • varyete “farineuse”, sa yo ki boure ak lanmidon nan yo.

Pòmdetè ki gen anpil lanmidon kraze fasil epi yo dekonpoze lè yo kwit. Se poutèt sa, yo pi apwopriye pou fè pire. Oswa, ou ka kwit yo an pòmdetè boukannen (yo gen bon gou konsa). Pakont varyete “sireuse”la, yo gen plis rezistan lè yo kwit epi yo rete trè fèm san yo pa fonn fasil. Se poutèt sa, yo ideyal pou prepare yon bon salad pòmdetè.

Pou reyisi salad pòmdetè ak pòmdetè bouyi, premye bagay pou fè se chwazi bon varyete pòmdetè ya. Men, sa anpil moun pa konnen se ke ou bezwen tou ajoute vinèg nan dlo a pou kwit pòmdetè ya. Poukisa? Se konsa, moso yo ap rete fèm ak entak san kraze.

Ki jan pou fè sa ?

  1. Kwit yo nan dlo bouyi pou 30 min.
  2. Apre egzakteman 13 minit nan dlo kap kwit manje ya, ajoute 1 ti pense sèl ak 1 filè vinèg nan dlo ki ap bouyi ya.

Ou pa konnen tèm kwizin “Filèt” ya? Men repons lan: Yon filè koresponn apeprè a mwatye yon ti kiyè.

Poukisa sa mache?
Vinèg la fòme yon fim mens sou sifas pòmdetè yo. Epi se po sa a ki ede pòmdetè kenbe fòm yo nan dlo bouyi ya. Li anpeche yo vin farin ak kraze an miyèt moso pandan y ap kwit. Asidite nan vinèg la tou gen wòl li tou nan sa. Vreman vre, pH asid la anpeche dekonpozisyon pèktin pòmdetè ya. Jisteman, se sibstans sa a ki fè yo rete fèm. Epi sa mache ak tout vinèg!

Remake byen ke ak teknik sa a, pòmdetè ou yo ka gen yon ti gout vinèg. Pou debarase ou de sa li fasil, jis rense yo apre yo fin kwit.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: femmeactuelle.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.