TKSK: «Videler»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Videler». Lè ou tonbe sou mo « Videler » sa a, ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ? Ou pa bezwen kase tèt ou mwen pwal jerew …

“Videler” se yon tèm teknik ki itilize pou « tarte » oswa kich. Vreman vre, « videler » se pwosesis pou remonte bor yo nan yon pat ak dwèt ou pou ba li yon fòm dekoratif ki ka trè bèl. Tankou ti dantèl ou fè arebò yon pate kòde

Gen plizyè fason pou videle: li posib pou zongle farin lan yon ti kras epi pliye li sou tèt li. Sa bay aspè yon ti sèpanten. Oswa tou ou ka sèvi avèk yon fouchèt pou make arebò pat la pou fè chema ki sanble ak dantèl. Li ka posib tou pou se ajoute ou ajoute kèk ti moso pàt nan divès fòm tankou fèy, flè elatriye…

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.