TKSK: Ranje plat manje yo pou yo sanble de ti mèvèy – 1

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Mwen kwè mwen di nou deja ke manje ou koumanse devore sa ak jew. Jodi ya avek nan 12 mèkredi ankò map moutre nou kijan pou nou fè pou ranje plat manje yo pou yo sanble de ti mèvèy kap bann nou anvi plonje sou yo.

  1. Mete wotè nan plat nou

Li enpòtan pou sispan prezante tout manjew tankou se yon bouyon, oubyen yon tiaka. Daniel England, chef pou OMG Hospitality Group nan San Diego, se yon modèl nan kreye wotè nan konsepsyon plat li yo.

Dresaj an wotè

“Li enpòtan pou ta separe manje a lè w ap eseye ranpli plat la epi konstrwi en vètikal” Daniel England. Si ou bezwen yon ti estrikti, ou ka toujou achte yon « emporte-pièce » pou edew fòme baz la. Li trè senp: anpile engredyan ou yo nan « emporte-pièce », epi retire li ak anpil atansyon. Kounye a ou gen baz ou, se ou menm ki pou konstwi rès la. »

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: femmeactuelle.fr

Pou moun ki ta ap mande kisa ki “emporte pièce” la Ou ka sèvi avèl pou bay manje ya fòm men sitou edew fè tipil gwopil andedan plat la …

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.