TKSK: «Voiler»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Voiler». Lè ou tonbe sou mo « Voiler » sa a, ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou? Ou pa bezwen kase tèt ou mwen pwal jerew …

“Voiler” se yon tèm ki itilize sèlman nan patisri. Vreman vre, vwale yon gato oswa yon desè ki gen fwi ladan yo, se ajoute yon ti kouch mens oswa yon montaj an ti fil fen an sik ke yo rele cheve zanj (yon sot de karamèl transfòme an plot fil) tot sa sou sifas gato a oubyen desè ya. Vreman trè bèl epi chèlbè, teknik dekorasyon bon gou ak orijinal sa a pote yon touch nòb ak sofistike nan desè yo.

Yo konn vwale tou fwi jivre, desè glase oswa menm desè an pyès monte pou gwo fèt yo pou ran n yo pi sofistike.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.