TKSK: Te glase sitwon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan tan fè cho saa ou ta bezwen yon bagay pou pase swaf ou ? Ou ta renmen pran yon te glase? Ou pa bezwen achte te glase nan makèt, men yon resèt trè fasil pou yon te glase sitwon ou fè poukont ou.

Te glase lakay pou konbat chalè…

Ou anvi yon bon « Ice Tea » pou koupe swaf ou? Se vre ke lè li fè cho, yon te glase se bwason pafè a pou pasè swaf ou. Men,ou pa bezwen achte « Ice Tea » endistriyèl byen chè sitou ki plen sik ak pwodwi chimik ki ka pa toujou danse kole ak santew…

Men yon resèt te glase sitwon san parèy. Pa enkyetew, li fasil pou fè! Tout sa ou bezwen se sache te ak yon sitwon.

Engredyan pou fè te ya

  • 2 sache te vèt
  • 1 tranch sitwon
  • 2 gwo kiyè siwo myèl

Ki jan pou fè te ya

  1. Vide yon lit dlo a tanperati nomal nan yon karaf.
  2. Kite sache te yo neye nan dlo a pou yon èdtan.
  3. Brase detanzantan ak yon kiyè.
  4. Retire sache te yo.
  5. Ajoute siwo myèl la epi melanje.
  6. Peze yon tranch sitwon nan tas la.
  7. Ajoute kib glas lè w ap sèvi.

Non sèlman li pi ekonomik pase achte Ice Tea nan makèt la, men li la tou pi bon pou santew. Bwason sa a pral pasè swaf ou epi ou pral redekouvwi gou te glase nan tan nou toujou ap di ki te pi bon an. Pa yon bagay super dous ak plen aditif! Anplis de sa, w ap reyèlman pral jwenn tout benefis sante yo nan te, ansanm ak sa yo ki nan sitwon.

Men kèk konsèy degi

  • Pou yon te glase aromatize pi konsantre, tou senpleman kite te tranpe pi lontan, jiska 4 èdtan. Goute l detanzantan pou asirew ke te a pa vin twò fò.
  • Pou te a kenbe tout benefis li yo, li pi bon pou sèvi ak dlo nan tanperati nomal, olye ke dlo bouyi. Nan fason sa a, vitamin ak mineral te yo konsève. Gou a nan te a gen mwens chans pou li anmè, paske tanen an pa al chita nan pati anba karaf la.
  • Si ou ta renmen te ou a gen plis santi bon, ou ka kite tranch sitwon tranpe nan te glas ya. Natirèlman, ou ka tou peze plizyè tranch sitwon pou aksantué gou a.
  • Si ou vle te ou a refwadi pi vit? Mete l nan frizè a pou 1 èdtan, apre yo fin enfuze li. Pi bon an se tou prepare yon gwo kantite te ke ou kite fre. Chak fwa ou santi ou anvi bese chalèw, vide tèt nan yon vè epi peze ji sitwon an ladan l.
  • Konnen ke ou ka kenbe te ou fre pou 24 èdtan, san li pa okside.
  • Ou ka ajoute fwi wouj oswa franbwaz tou (si ou genyen) pou pote plis gou nan te glase ou a.
  • Epi pouki pa ? Ou ka varye plezi yo nan chanje kalite te yo: te nwa, te jasmine, te blan elatriye

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: femmeactuelle.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.