TKSK: Zester

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Zester». Lè ou tonbe sou mo « Zester » sa a, ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ? Ou pa bezwen kase tèt ou mwen pwal jerew …

“Zester” enplike nan retire zès la nan yon fwi Citrus (sitwon, zoranj, chadèk elatriye). Gen plizyè fason pou zeste, tou depann de si zès la pral itilize nan yon preparasyon gastronomik (patisri) oswa pou dekorasyon. Nan nenpòt ka, li enpòtan pou asire w ke fwi a pa te trete, paske si li te trete oubyen an kontak ak pestisid, yon rense senp pa pral fè li apwopriye pou konsomasyon.

Pou zeste, li posib pou itilize yon rap (graj), yon « peeler », yon zestè oswa, byen tou senpleman, yon kouto. Se zès Citrus yo itilize souvan nan boulanjri, men yo itilize tou pou bay gou nan kèt plat, tankou kanna à l’orange.
Kidonk pou rezime nap di « Zester » se pran pati mens ki gen koulè ya nan yon fwi Citrus tankou yon sitwon oswa yon zoranj.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.