TKSK: Eske ou konnen tout diferan fanmi legim yo?

(Vandredi teknik)

Nou rele legim tout plant ke nou itilize kòm legim an pati oswa totalman nan kwizin nan pou fè sèten preparasyon gastronomik. Men eskew ou konnen gen plizyè fanmi legim.

Gen plizyè fanmi legim

Legim fèy
Legim fèy yo se sèlman fèy la yo manje, tankou salad, chou, epina, fenouy elatriye.

Legim rasin
Legim rasin tankou kawòt, navè, bètrav, radi elatriye.

Legim sèk
Nan legim sèk yo se sèlman grenn yo manje. Tankou lantiy, gwo pwa, pwa sèk, pwa blan oswa wouj, pwa chich, plant soya elatriye.

Legim flè
Legim flè tankou aticho, chou, bwokoli …

Legim tij
Legim tij tankou pwaro, aspèj, klis banbou…

Legim fwi
Legim fwi tankou berejenn, zaboka, konkonb, melon, tomat…

“fines herbes”
“fines herbes” ke jeneralman yo itilize kòm yon kondiman, pèsi èstragon siboulèt fèy bay Basil chervil

Legim: Tubèrkul
Epi finalman, tubèrkul tankou pòmdetè dous, pòmdetè, Aticho Jerizalèm. Yo se legim byolojik, men valè nitrisyonèl yo se lanmidon.

Valè nitrisyonèl nan legim:
Tout kalite legim yo rich nan vitamin ak mineral, tankou fè ak mayezyòm, epi yo gen yon ti kantite grès.

Randevou kase pou vandredi pwochen kèk konsèy sou kijan pou sèvi ak legim yo. pa anreta sèlman

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : lesfruitsetlegumesfrais.com

Les commentaires sont fermés.