TKSK: Amourettes

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «Amourettes». Lè ou tonbe sou mo sa a, ki sa ki vini rapid vit nan tèt ou ? Ou pa bezwen chèche fò, mwen pwal diw kisa sa ye sa …

Tèm “amourettes” la, yo itilize li sitou nan bouchri, sa ka pou pale de pati (abat) diferan nan yon bèt. Li ka tèstikul yo nan yon bèt ke yo konn fè gadinaj: Lè sa yo sitou di « animelles » oubyen « amourettes ». Men se gendwa mwèl epinyè bèf, mwèl mouton oswa mwèl ti bèf (se li ki gen pi bon gou nan twa yo) ke yo rele « amourettes » la tou.

Yo pran abitid vann amourèt la anjeneral ak sèvèl bèt la. Ou ka kwit mwèl la menm jan ou kwit sa yo rele « ris de veau » a oswa sèvèl ti bèf. Ou dwe kite l vide tout likid, san li genyen anvan nou kwit li pou apeprè 30 minit nan stil « court-bouillon ».

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : la-viande.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.