TKSK: ESTIL MINIMALIS – KONSEY 2

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya mwen deside konsakre kèk madi kap vini la yo sou estil photo kilinè nap koumanse ak « STYLE MINIMALISTE » teknik ak konsèy pou aplike pou fotow gen estil ak pèsonalite san ou pa itilize yon pakèt akseswa epi depanse anpil.

36 – ESTIL MINIMALIS KONSEY 02

Ide #1: Sèvi ak limyè.
Plat ou dwe sèl sijè prensipal la, li pral enteresan pou amelyore li. Jwe ak sous limyè ou yo nan entansyon pou mete aksan sou pati espesifik plat prensipal la. Epitou jwe ak lonbraj yo pou pote kontras.

Ide #2: Sèvi ak Espas negatif / Espas pasif
Mwen poko gen opòtinite pou m pale avèk ou sou teknik konpozisyon sa a. Sa a se yon sijè ki ta dwe yon sijè nan yon atik separe.
Tout pati vid nan yon foto yo rele yo espas negatif. Li dwe diferansye ak espas pasif ki konpoze de yon sèten kantite eleman ki pa deranje lekti foto a. Eleman sa yo dwe melanje nan dekorasyon an tankou yon aganman (se kòm si yo pat la).

Ide #3: Parye tout bagay sou plat la poukont li
Depi prèske pa gen anyen alantou plat la, konsantrasyon an a pral sèlman sou plat la. Epitou, li pral enpòtan pou fè plat saa parèt plis ayestetik ak pi apetisan ke posib.

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou estil minimalis saa.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.