TKSK: FOODING

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «FOODING». Lè ou tonbe sou mo sa a, a ki sa nou panse ? Eske se bay moun manje ? Eske se fè manje ? Eske se ta « Art Culinaire ? »… Pa kase tèt nou twòp Passion Gastronomie la pou di kisa sa ye sa …

Pou di nou la verite « Fooding lan se yon mòd ». Nou ta ka dim menm ke dipi kèk tan « Fooding » alamòd menm jan « Vegan » alamòd, menm jan « Jeune intermittent » alamòd. Se pa nouvo men kounye ya yo gen disip yo, pwodwi yo, diksyonè yo, magazin yo, e menm restoran yo (se nan sans saa nou di se yon mòd).

Espesyalis kwizin rafine abandone jodiya kwazad pou nouvèl kwizin la pou yo re-envante pito plezi moun ka jwen nan manje atab. Rafineman ak orijinalite, tout bagay dwe kontribye nan byennèt envite yo: gou, koulè, odè, dekorasyon, atmosfè, anviwònman son. Fooding lan vle ke manje atab vin yon esperyans atistik total kote tout sans ou dwe pwofite nan plezi estetik saa.

Pou adèp mouvman saa, ki trè sansib sou kalite manje yo, chwa mo pou esplike sa yap viv sanble pa twò esansyèl. Se pou sa sandout menm nan peyi repite pou ekspètiz nan zafè manje (tankou la frans) se tèm angle ya ki sitou itilize. Dapre envantè li yo, se yon asosyasyon « Food » manje ak « Feeling » santiman nan lide pou deziyen sa ki se an menm tan yon konpòtman ak yon mache.

Gen anpil machwè gonfle an frans pou sa yo konsidere kòm yon masak lang lan, nan sans ke ase mot pou ta di pi byen toujou menm bagay la. Men an reayalite kisa mòd gen pou wè ak danse kole ak pale byen?

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : la-viande.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.