TKSK: «BEURRE BLANC»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «BEURRE BLANC». Lè ou tonbe sou mo sa a, a ki sa nou panse ? Pa kase tèt nou twòp Passion Gastronomie la pou di kisa sa ye sa …

Kisa ki se yon bè blan?
« Beurre blanc » ke yo rele tou pafwa “beurre nantais” se yon sòs ki baze sou yon rediksyon nan vinèg, diven ak echalot kote yo enkòpore bè yo an moso.

Beurre blanc se youn nan sòs yo rele “sòs cho emilsyone enstab” (enstab menm jan ak yon vinegrèt depiw kitel poze li dekonpoze) .

Ou ka pafimen yon sòs bè blan lè w ajoute fèy epis fre ladanl (siboulèt, aneth, cerfeuil…), epis santi bon (curry, aniz zetwale, paprika…), legim pile _(piman dous, tomat, fenouy, bwokoli…) gen moun ki menm mete fèy ti bonm ladanl.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : cookidoo.thermomix.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.