TKSK: SMOOTHIE Banane Orange pou konbat tansyon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se jedi tansyon.

Jedi pase mwen te bay detay sou youn nan petidejene mwen te rekòmande 21 jou menu tansyon san presyon. Jodi ya map kontinye ak yon lòt peti dejene pran kreyon n pou make …

Manje tansyon pou jodi ya se SMOOTHIE Banane Orange

PÒSYON: pou 2 moun (Oubyen 2 pòsyon pou yon moun)
PREPARASYON: 10 minit

ENGREDYAN
• 125 ml (1/2 tas) lèt
• 260 g (1 tas) “yogourt nature”
• 1 fig bannann an wondèl
• 1 zoranj an mòso
• 1 gwo kiyè siro derab
• 1 gwokiyè son davwa n
• 4 kib glas

PREPARASYON
Nan yon blendè melanje tout bagay pandan 30 a 45 segond jiskaske tout bagay vin fòme yoon sèl.

SIGESTION
Si ou fè smoothie saa ou pa gentan bwèl nan maten, oubyen ou ta koumanse bwèl men ou pa fini li ou ka potel nan travay epi pran li nan pòz.

ENFÒMASYON SANTE
lèt, yogourt, fig bannann se de aliman ki gen anpil potasiòm, ki limenm se yon gwo zam pou batay avèk tansyon.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 244
• Lipid 3 g
• Sodyòm 120 mg
• Glisid 44 g
• Fib 4 g
• Pwoteyin 11 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: maiabaudelaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.