TKSK: SALAD zoranj oubyen mandarin

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se jedi tansyon.

Jedi pase mwen te bay detay sou youn nan petidejene mwen te rekòmande 21 jou menu tansyon san presyon Jodi ya map kontinye ak yon lòt peti dejene pran kreyon n pou make …

Manje tansyon pou jodi ya se SALADE zoranj oubyen mandarin

PÒSYON: pou 4 moun (Oubyen 4 pòsyon pou yon moun)
PREPARASYON: 10 minit
METE NAN FRIJIDÈ : 60 minit

ENGREDYAN
• 2 gwo kiyè siro myèl
• 125 ml (1/2 tas) ji zoranj 100% pi (san dlo)
• 1 ti kiyè ekstrè vaniy
• 2 zoranj koupe an ti mòso
• 2 chadèk koupe an ti mòso
• 7 fèy mant
• 7 fèy bazilik

PREPARASYON
Nan yon ti bòl chofe myèl la nan maykwowev pandan 20 segond. Ajoute ji zoranj lan ak vaniy la epi melanje yo. Nan yon gwo bòl salad melanje zoranj, chadèk (oubyen mandarin si se pa epòk chadèk) mant la, bazilik la epi vide ji zoranj lan sou tout epi kitel repoze nan frijidè pou omwen 1 nèd tan.

ENFÒMASYON SANTE
Zoranj, chadèk, mandarin, panplemous tout sa yo rele « agrume » yo boure ak vitamin C ak fib solib ki ede anpil pou kontwole tansyon ak kolestewòl nan san. Pou zafè fib la li pi efikas ke ou manje fwi ki fre ke bwè ji menm fwi sa yo.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 122
• Lipid 0 g
• Sodyòm 1 mg
• Glisid 30 g
• Fib 3 g
• Pwoteyin 2 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: cuisineaz.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.