TKSK: «MIGNONETTE»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «MIGNONETTE». Lè ou tonbe sou mo sa a, a ki sa nou panse ? Anpil bagay ka pase nan tèt ou, men pa bliye se nan domaine cuisine nou ye … ou pa beswen bay tèt ou twòp pwoblèm Passion Gastronomie la pou diw kisa sa ye sa …

Kilè yo pale de Mignonette nan domèn gastronomi epi tou kijan li fèt?

Mignonette se genn pwav ki pa krase anpil oubyen ki moulen gwo grenn. Yo sèvi ak li pou tout pla ki « au poivre » oubyen sitou pou yon sòs ke yo rele « sauce mignonette ». Li fèt ak vinèg epi echalòt. Yo sèvi avèl pou manje zwit. Se yon klasik pami klasik yo lèw wap desann zwit: sòs mignonette la pa gen parèy!
An jeneral depi septanm met pye jouk pou rive desanm se bon moman pou òganize reinyon ak zanmi pou manje zwit. Gen yon varyete de resèt pou sòs mignonette ki ta dwe amelyore gou zwit la, men klasik la se toujou sòs tradisyonèl mignonette senp mwen pwal bawou la.

Engredyan
• 2 echalot, koupe piti piti
• 65 ml (1/4 tas) vinèg diven wouj

Preparasyon
Senpleman melanje vinèg diven wouj la ak echalot yo epi kite repoze pou omwen 12 èdtan nan frijidè a anvanw sèvi li.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laylita.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.