TKSK: Aprann konnen manje Ayisyen

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou youn tèm an patikilye.

Si w vle fyè de gastronomi ayisyèn lan _ (Ki se pitit kat gwo enfliyans Amerendyen : Arawak, Tayino, Karayib, enfliyans Panyòl, enfliyans Fransè ak enfliyans Afriken), si w vle vin yon anbasadè gastronomi sa a. Men sèt (7) manje tipik ann Ayiti ki fè dlo koule nan bouch natifnatal kou moun vini _(tankou frè Jowèl). Nomalteman ou ta dwe konnen ki jan yo kwit yo men omwen ou fèt pou konnen gou yo pou kapab pale sou yo seryezman (epi fè pwomosyon sa ki fè vale gastronomi ayisyèn lan)…

Diri blan, pwa kraze ak toufe legim
Diri sòspwa legim, plat Ayisyen pi renmen (sitou nan latibonit), gen moun ki rele l an jeneral Legim. Yo ka akonpaye li ak divès kalite vyann. Gen kèk moun ki prefere li ak kristase oswa filè pwason. Si kòb ou pa pwès mete poul ladanl oubyen pranl san vyann epi di ou nan asosyasyon vegan n ayisyen an.

bouyon tèt kabrit
Nan kèk peyi yo konsidere plat sa a kòm yon aperitif (yon entrée), men ann Ayiti bon gou bouyon kabrit sa ak tout sa yo mete ladanl fè ke se yon vrè manje ki gen bon jèvri n se menm yon remontan doktè preskri, paske apa vyann ki se engredyan prensipal la, li konpoze ak manje tankou yanm, bannann, malanga pami lòt. Bouyon tèt kabrit yo di tou se yon benediksyon pou moun ki soufri grip la ki gen bwonch fèb, li chofe ou ak amelyore manbràn mikez nan nen ou pou anpeche yo anfle.

Bòy a sòspwa
Anpil moun renmen plat sa a. Li trè senp epi fasil pou prepare. Gen kèk moun ki ajoute vyann oswa legim jan yo vle. Manman m di lè saa pwaa gen nam ladanl Mwen te toujou ap mande tèt mwen si lè pwa a toutouni sòs sèlman si se pa yon pwa zonbi san nanm ladanl?

Diri a djondjon, sòs poul, salad ris
Ou jwenn manje saa se li ki nan chak meni fèt ann Ayiti: diri djondjon, sòs poul ak sòs salad Ris. Pa gen fèt san pati saa (men si gen anpil lòt bagay tou), Ayisyen natif natal renmen li epi konsiderel tankou yon klasik nan meni fèt ayisyen.

Griot kochon ak bannann peze
“Se tout sa ou bezwen pou fè yon ayisyen kontan, epi fèl santil lakay li” Anpil konesè rekonèt ke pa gen bagay pi popilè an ayiti ke griyo, ki fè menm touris bave devan menm bak machan ki bò wout nou yo depi yo te goutel yon fwa. Soti nan non kreyòl li “griyo kochon”, yo jwenn li nan tout restoran ki ofri manje fri, nan tout rankont ak zanmi, kote bweson ap koule. Li se yon akonpayman reyèl enkontounab, espesyalman si byè nan zòn lan.

Diri blan, sirik ak callalou an sòs
Sirik la envite tèt li nan divès kalite plat an Ayiti, nan sòs, nan friti oswa nan legim. Ayisyen renmen kristase sa a, anpil pito li nan toufe legim. Lèw tonbe sou yon chef reyèl ki konnen dis dwèt li wap sezi wè janw ap mande double alòs kew te toujou di ou pa manje surik. Calalou yo rele gombo /combo oubyen calou nan peyi Giyàn trè popilè pou gou patikilye li ya, wap jwenn li tou nan toufe legim, sòs ak nan manje fèy.

Bon mèkredi !

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.