TKSK: kijan pou ou konnen si yon anana mi san ou pa koupe li.

(Vandredi teknik) jodi ya kom mwen wè Intènèt lan an demwazèl kote mwen ye ya, kòm li ka anenpòt moman boude sou mwen epi di li pap mache *mwen vini ak yon tenik tou kout pou ou *Lè wal achte Zannanan kouman pou fè konnen si li mi sanw pa koupel ?* Yon anana se lè li byen mi li pi bon, men ki jan ou ka fasilman tcheke sa a?

Rale fèy yon anana pou tcheke si fwi a deja mi

Pou chèche konnen si anana ou a mi, pran tan pou enspekte po li. Li pa ta dwe gen monte desann oswa tach, paske fwi sa a trè frajil. Fèy li yo dwe tou yon bèl vèt, byen fran. (pa fyew sou koulè ya pase koulè ya ka varye depandan zòn li soti ya)

Pran pwa anana a: li ta dwe yon ti kras pi lou ak pi dans pase lòt yo. Sonje santi li tou! Lè yon anana mi, li bay yon sant dous ak anpil santi bon. Si ou santi yon sant vinèg, anana a se – malerezman – yon ti jan twò mi …

*Finalman, pou chèche konnen si anana ou vrèman dous, tout sa ou dwe fè se dousman rale yon fèy nan tèt li: si fèy la soti fasil men ak yon ti rezistans, sa vle di ke fwi a mi ak plen sik. Si li reziste, li ta pi bon pou tann kèk jou anplis pou fèl vin pi mi pi santi bon epi pi dous.

Fè atansyon, konnen ke anana rayi fredi: pa mete l nan frijidè a. Kite li nan tanperati nomal, toupre yon pòm mi oswa yon zaboka mi pou akselere matrité li si sa nesesè.

Randevou kase pou vandredi pwochen dòt konsèy teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : alexetalex

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.