TKSK: DENYE KOUCH POUD (POS TRETMAN)

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya nou pwal koumanse wè pouki souvan li enpòtan pou nou fè pòs tretman (oubyen siw pi pito bay foto a yon dènye kouch poud) Malgre ke kamera ou ka korije anpil ti defò nan pran foto tankou fixe balans blan an, rezilta a pa toujou ideyal. Lè sa a, li pral nesesè pou ale nan lojisyèl pos tretman pou fè koreksyon pou ajiste paramèt yo kòrèk.

Gen plizyè zouti plizoumwen fasil pou itilize, plis oswa mwens avanse ki disponib gratis menm pou nou ajiste balans blan ak kolorimetri yon imaj.

42 – POS TRETMAN OUBYEN ANKÒ DENYE KOUCH POUD

Balans blan / Kolorimetri: ki diferans ki genyen?
Pou mete li tou senp ak byen vit: balans blan an pèmèt ou jere tanperati nan foto a. Cho, koulè foto a gen tandans pran direksyon jòn. Frèt, koulè foto a gen tandans ale nan direksyon ble.

Se nan jwe sou balans blan an ke nou jwenn pou menm foto a, de nyans diferan. Youn se plis ble (atmosfè frèt), lòt la se plis jòn (atmosfè cho).

Nou ka defini kolorimetri kòm koulè jeneral ke nou wè nan yon foto. Je nou konnen ke blan se blan epi li pran baz sa a kòm yon referans pou di nou si yon foto twò wouj, twò vèt oswa menm twò woz.

Zouti yo dedye a kolorimetri pèmèt ou jere sa balans blan an ka korije, men balans blan an pa ka pran swen nan korije ton lòt koulè ki pa jòn oubyen ble.

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.