TKSK: eske se vre si ou manje nan aswè, ou pran pwa pi vit ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Kesyon nou gen pou ou jodi ya se eske se vre si ou manje nan aswè, ou pran pwa pi vit ? Bagay saa anpil moun kwèl, genyen ki di menm ke se dòktè ki mande yo sa. Eske se vre oubyen se foulay…

Si ou manje nan aswè, ou pran pwa pi vit!

Deklarasyon sa a se pa vre! Se vre ke kò ou boule grès pandan w ap dòmi men ou pa ta dwe manje toujis anvan ou al dòmi.
Prensip pran pwa depann sou ki saw manje eske li rich ak ki kantite ou manje, men non sou kilè ou manje saw gen pou manje.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : ulaval.ca

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.