TKSK: Eske ou ta dwe sevi ak istansil pou manje kri ki depaman ak istansil pou manje kwit?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite.

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se eske se vre ou ta dwe genyen kouto pou manje kwit, kouto pou manje kri, planch a dekoupe pou chak kalite pwodwi ? Bagay saa anpil moun di se « zuzu », genyen ki di siw gen kòb fòk ou ta fèl konsa vre. Dapre ou eske se vre oubyen se foulay zuzu ?

Eske ou ta dwe sevi ak istansil pou manje kri ki depaman ak istansil pou manje kwit?

Deklarasyon sa a se bonjan verite! Sitou si ouvle evite kontaminasyon kwaze. Imajine risk ou kouri lè w koupe vyann kri epi sèvi ak menm plancha adekoupe pou separe fèy tankou leti, pwa tann e latriye.

Mikwo-òganis yo ki te nan vyann lan ka pase dirèkteman nan legim yo, ki pral manje kri kòm salad.

“Li enpòtan tou pou w toujou lave men w apre w fin manyen manje kri epi, apre sa, okipe yon bagay ki deja kwit oswa ki pare pou manje.” Non se pa zuzu pou pan labitid separe sa wap sèvi pou diferan pwodwi sitou ke ou pa konnen kilè ou ka resewa yon moun ki fè alèji ak youn ou lòt nan pwodwi wap konsomme chak jou.

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : tefal.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.