TKSK: WRAPS au poulet

Jodi ya nan jedi tansyon nou pwal bay resèt sou you lòt nan petidejene mwen te rekòmande nan 21 jou menu tansyon san presyon. Manje maten dwe mete yon fen nan grangou omwen 12 zèd tan san manje ki ta dwe nomal si nou pase nwit la ap domi …

Manje tansyon pou jodi ya se WRAPS au poulet
PÒSYON: pou 4 mouns (oubyen 4 repa pou yon moun)
PREPARASYON: 15 minit
TAN POUL KWIT : 10 minit

ENGREDYAN
• 1 ti zonyon rache tikal pa tikal
• 1 kiyè lwil canola
• 4 blan poul (100 g / 3.5 oz) blan poul koupe an bann
• 1 kiyè asezonman chili
• 1 kiyè paprika
• 2 piman dous rouj koupe an filang
• 2 gwo totiya (oubyen pen arab) antye
• 2 kiyè moutad dijon
• 60 g (1 tas) leti romèn.
• Pwav

PREPARASYON
Nan yon chodyè ki sou ki sou bon dife sote zonyon an nan lwil la pou 1 minit. Ajoute filang poul yo epi kite yo pran koulè pou 2 minit sou chak bò.
Ajoute sizonman chili seche ya ak paprika. Mete pwav nan gou jezi. Ajoute piman dous yo epi melanje byen. Kwit sou ti chalè pandan 5, minit oswa jiskaske vyann poul la kwit.

Badijonen tortillas yo ak moutad. Epi mete sou tòtiyas la filang poul yo, piman dous la ak leti. Woule yo nan totiyas la epi vlope yo byen sere.

AKONPAYMAN:
Sèvi ak yon salad vèt ak ti tomat seriz ak rondèl konkonm oswa legim kri (kawòt, bwokoli, chou, konkonb ak tomat)

ENFÒMASYON SANTE
Chili seche ak paprika amelyore gou nan asyèt epi ede limite konsomasyon sèl, ki se yon bon chwa kòm yon rejim alimantè ki an sante.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 222
• Lipid 7 g
• Sodyòm 170 mg
• Glisid 15 g
• Fib 2 g
• Pwoteyin 25 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : boulangerielouise.com

Les commentaires sont fermés.