Eske se vre ou dwe tann manje frèt avanw mete li nan frijidè oubyen frizè?

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya se eske se vre ou dwe tann manje frèt avanw mete li nan frijidè oubyen frizè ? Bagay saa anpil moun di si ou metel nan frijidè avan li frèt manje a ap si. Dapre ou eske se vre oubyen se bonjan foulay ?

Eske ou dwe tann manje frèt anvan ou mete l nan frijidè a ?

Kisa la syans di sou sa ? Chak mikwo-òganis gen yon tanperati ideyal pou miltipliye. Gen kèk bakteri, pa regzanp, yo replike pi vit nan 25 ° C. Gen lòt ki pito 30, 35ºC ak sou sa. Eksplikasyon sa a ede nou konprann poukisa tann manje refwadi anvan ou estoke l nan frijidè a se pa yon bon lide. Si rès yo chita nan evye ya a oswa sou recho a pou yon tan long apre yon repa, sa a ka opòtinite pafè pou kèk bakteri kwase miltipliye epi grandi la a nan manje ya. Tanperati chodyè a, oswa plat la piti piti desann apre recho a oswa fou a etenn, jiskaske li rive nan paramèt ideyal yo pou pwopagasyon èt mikwoskopik sa yo. (sa nou rele mikwòb yo)

Si manje a ale dirèkteman nan frijidè a, tanperati ki pi ba a anpeche repwodiksyon akselere patojèn yo. Landgraf di abitid ou byen mès sa nou devlope pou kite manje fre la nan soti nan tan lontan an, lè frijidè yo te mwens efikas, lè mete yon bagay cho andedan se lakòz yon depans siplemantè nan elektrisite. “Ak evolisyon nan aparèy sa yo, sa a se pa yon pwoblèm grav tankou anvan”. Si granmoun nou din kite manje ya frèt se paske sa te gen yon sans (ekonomik) nan tan pa yo, men lijyèn pat janm rezon réyèl la. Nou pa voye pèson n al manke pèsonn dega, men nou vle tout moun konnen lè li fè yon bagay pouki li fèl e non ke li fèl pase sa te toujou fèt konsa

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : tefal.fr

Les commentaires sont fermés.